mercredi 8 décembre 2010

Message de la candidate Mirlande Manigat à la Nation

Port-au-Prince, 8 décembre 2010

Ayisyen, frè-m ak sè-m,

Mwen te di nou onè lè m te vin kandida ; nou te dim respè, kom sitwayen.
Mwen vin di nou onè anko.
Nou ban m misyon poum mete tout renmen peyi m, tout kompetans mwen, tout kouraj manman pitit mwen, tout experyans mwen nan operasyon « pou sa chanje », pou sa chanje nèt al kole, pou nou koupe fache ak sa ki prale yo.
Nan eleksyon sa yo, menm jan ak apre eleksyon, gen yo dividal lot moun ki dwe pran responsabilite yo. Kanta pou mwen menm, map kenbe king alaganach avek nou ! Mwen tande chif KEP la bay yo. Yo pa koresponn ditou ak PV pa m yo. Paske dapre chif pa nou fok mwen ta pi wo lontan. Nou pral reklame dwa nou, nap envite tout moun ki gen reklamasyon pou yo fè menm jan. Pou yo fè l nan tèt frèt. Jan lalwa mande l.
Se pou tèt sa, mwen mande yon evalyasyon endepandan pou propte rezilta sa yo. Mwen espere
laverite ap djayi, ni sou kantite vwa pa-m, ni sou pa lot kandida.
Moun ki fin awoyo lan fè fwod, ak zot ki ankouraje ou byen ki fèmen je sou move rezilta yo; ya konn sa pou yo di ak konsyans yo devan yon pèp ki nan grangou, ki pa gen kay, kap mouri anba kolera, devan yon pèp ki merite tout sa ki bon, men ki nan tout malsite. Nou di moun sa yo PINGA.
Pèp sa-a, mwen redi nou li anko : li gen moun ki ka defann li, mwen, Mirlande Manigat, mwen se yonn lan yo. Nap chanje sa nèt al kole.
Map pwofite pou m voye yon gro mèsi bay tout moun ki te vote pou mwen avèk tout fikilte nou viv, tout magouy nou te reyisi kwape jou dimanch sa a.
Batay la pa ko bout, nap rete kanpe dèyè vot nou, e nou pap pedi batayla !

Ansanm ansanm ansanm, jouk nou pote laviktwa !

Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire